Mois du créole Montréal
WWW.KEPKAA.COM
présente

LA 9E ÉDITION DU MOIS DU CRÉOLE À MONTRÉAL

DU 1er AU 31 OCTOBRE 2010
ap prezante

9È EDISYON MWA KREYÒL LA NAN MONREYAL

SOTI 1e POU RIVE 31 OKTÒB 2010

BILLETS / TIKÈ YO
Librairie KEPKAA,
2000, boul. Saint-Joseph-E, Porte B, angle de Lorimier
Tél/Tel: 514 907-8554 --- Courriel: Kepkaa@videotron.ca

MERCREDI 22 SEPTEMBRE, 14h00
CONFÉRENCE DE PRESSE
Hôtel de ville de Montréal, 275 Notre Dame Est
Réservée aux médias

MÈKREDI 22 SEPTANM, 2È
KONFERANS POU LAPRÈS
Lameri Monreyal, 275 Notre-Dame Est
Pou médias yo sèlman



VENDREDI 1ER OCTOBRE, 12H À 22H
Une journée à Port-au-Prince (Conception de Marie Laure Rozas, Guadeloupe)
Pour ouvrir la 9e édition du Mois du créole à Montréal, le KEPKAA vous invite à une journée à Port-au-Prince avec une conférence sur Jacques Stéphen Alexis, par Joseph Yves Médard (Rassoul Labuchin), des artistes musiciens, une exposition de peintures, de livres, de cerfs-volants, de vêtements du monde, de jeux traditionnels et un vrai Tap-Tap (tap moun) à l’entrée du 2000, boul. Saint Joseph-Est, porte B, Montréal, H2H 1E4. Le spectacle et la conférence débuteront à 18h30. Entrée gratuite.
Réservation : 514 802-0546 / 514 750-8800.

kiki
kiki
VANDREDI 1E OKTÒB, 12È POU 10È PM
Yon jounen nan Pòtoprens (Konsepsyon Marie Laure Rozas, Gwadloup)
Pou louvri 9èm edisyon Mwa kreyòl la nan Monreyal, KEPKAA envite w nan yon jounen nan Pòtoprens. Ap gen yon konferans sou Jacques Stéphen Alexis ak Joseph Yves Médard (Rassoul Labuchin), plizyè atis mizisyen, yon espozisyon penti, liv, kap, rad tout peyi, jwèt lakay ak yon kamyonèt Tap-Tap (Tap moun) k ap nan antre 2000, boul. Saint-Joseph-Est, pòt B, Monreyal, H2H1E4. Espektak ak konferans lan ap kòmanse a 6è30. Antre gratis.
Rezèvasyon : 514 802-0546 / 514 750-8800


DE LUNDI À VENDREDI, JUSQU’AU 31 OCTOBRE
Exposition du peintre & sculpteur Anioclès Grégoire au Consulat d’Haïti
Le consulat vous invite à effectuer une visite dans ses locaux pour découvrir certains titres & pièces de la collection privée de cet artiste multidisciplinaire, à la fois sculpteur, fondeur, peintre et designer, qu’est Anioclès Grégoire. Le Consulat est situé au 1100, boulevard René Lévesque O., Suite 1520, Montréal. Tél. 514 499-1919.


SOTI LENDI POU RIVE VANDREDI, JOUK O 31 OKTÒB
Espozisyon atis pent e eskiltè Anioclès Grégoire nan Konsila d Ayiti
Konsila a envite ou vin vizite lokal li pou ou ka dekouvri kèk tit ak pyès nan koleksyon prive yon atis ki pote chapo eskilitè, fondè, pent ak dizaynè. Non li se Anioclès Grégoire. Konsila a chita nan 1100, boulva René Lévesque wès, biwo 1520, Montréal. Tél. 514 499-1919


SAMEDI 2 OCTOBRE, 18H
Soirée culturelle et de réflexion offerte au grand public montréalais.

En première partie, présentation d’un projet sur la place de la langue nationale d’Haïti dans la reconstruction du pays. Cette présentation sera suivie d’un mini spectacle avec le poète et chanteur, Kiki Wainright, un artiste engagé qui a des œuvres de valeur à son actif. Lieu: Bistro Bouk’entrain du Centre N a rive sis au 6971, rue Saint-Denis, Montréal, H2S 2S5. Entrée gratuite. Les places sont limitées.
Réservation: 514 750-8800.

drapo
kiki
SAMDI, 2 OKTÒB, 6È PM
Sware kiltirèl ak deba nan Monreyal.

Nan sware sa-a ap genyen prsezantasyon pwojè plas lanng nasyonal Ayiti a nan rekonstriksyon peyi a. Apre pati sa a ape genyen yon mini espektak avèk Kiki Wainright, yon sanba, yon atis angaje ki gen zèv ki fè prèv yo. Aktivite sa a pral pase nan Bistro Bouk’entrain Sant N a rive ki chita nan 6971, ri Saint-Denis (Monreyal) H2S 2S5. Antre gratis. Plas yo limite.
Rezèvasyon : 514 750-8800.



DIMANCHE 3 OCTOBRE, 16H
Lancement livres de poésie et nouvelle

Kiki Wainright, un artiste musicien et poète qui vit actuellement en Floride, est invité à venir nous présenter deux de ses oeuvres littéraires. Siloyiz, son dernier livre met l'accent sur la nouvelle, la poésie wongòl et haïku. Le 2e qui a pour titre Tan Malouk, est un livre de poésie et de nouvelles en créole et en anglais. Lieu : 2000, boul. Saint Joseph-Est, porte B.
Entrée gratuite. Tél. : 514 802-0546 / 514 750-8800

kiki
DIMANCH, 3 OKTÒB, 4È PM
Lansman de liv pwezi ak istwa kont

Kiki Wainright ki se yon atis mizisyen epi powèt k ap viv an Florid resevwa envitasyon pou li vin prezante nou 2 liv pwezi. Siloyiz, dènye liv li a devlope istwa kont, pwezi wongòl avèk aykou. Dezyèm nan ki se Tan Malouk, se yon liv pwezi ak istwa kont ki an kreyòl epi ann angle. Sa pral pase nan 2000, boulva Saint-Joseph-Est, pòt B.
Antre gratis. Tel : 514 802-0546 / 514 750-8800



JEUDI 7 OCTOBRE, 19H30 - 22H
Spectacle de jazz afro caraïbe

Vous êtes cordialement invités à un spectacle de jazz afro caraïbe avec Makaya jazz après ses succès au festival du jazz de Montréal. Artistes invités : le pianiste d'origine guadeloupéenne Sylvain Ransy et le chanteur Daniel Rodriguez. Il vous sera possible de faire la fête et de danser sur la piste de la Casa Del Popolo, 4873, rue Saint Laurent, Montréal, H2T 1R6. Entrée : 15$ d'avance, 20$ à la porte.
Tél. 514 802-0546 / 514 750-8800.

makaya
JEDI 7 OKTÒB, 7È30 PM POU 10È PM
Espektak « jazz » afro karayib

Se ak anpil plezi nous envite w nan yon espektak « jazz» afro karayib ak Makaya jazz apre tout siksè li sot ranpòte nan festival «jazz» Monreyal la. Atis envite li yo se : pyanis Gwaloupeyen Sylvain Ransy, chantè Daniel Rodriguez. W ap ka pran plezi w epi danse sou pis Casa del Popolo a, ki chita nan 4873, ri Saint-Laurent, Monreyal, H2T 1R6. Antre : 15$ davans, 20$ nan pòt.
Tel : 514 802-0546 / 514 750-8800



VENDREDI 8 OCTOBRE, 19H
Conférence sur la peinture haïtienne

L'artiste peintre Anthony Benoit vous présente l'histoire de la peinture haïtienne, au 2000, boul. Saint Joseph-Est, porte B, Montréal, H2H 1E4. Entrée gratuite.
Tél. 514 802-0546 / 514 750-8800.

thony
VANDREDI 8 OKTÒB, 7È PM
Konferans sou penti ayisyen

Atis pent Anthony Benoit envite w nan yon prezantasyon sou istwa penti ayisyen. Sa pral fèt nan 2000, boulva Saint Joseph-Est, pòt B, Monreyal, H2H 1E4. Antre gratis.
Tel : 514 802-0546 / 514 750-8800.



SAMEDI 9 OCTOBRE, 17H - 22H
Une soirée du Cinéma haïtien

Le Bagage du Monde présidé par Marie-Laure Rozas, vous présente Le Court en créole du Monde, 3e édition - exclusivité de 3 films sur la réalité haïtienne : 1) Capitaines de l'espérance, un documentaire de Lise Gantheret, 52', 2010 - Version non définitive, 2) Anita, 1er film haïtien réussi, de Joseph Yves Médard (Rassoul Labuchin), 3) Les Marrons de l'alphabet, réalisation de Dimitri Médard (production Anacaona). Après les projections, il y aura des échanges entre les réalisateurs et l'assistance. Contribution volontaire. Adresse : UQÀM, Pavillon J.-A-Desève, 320, rue Ste Catherine-Est , H2X 1L7 .
Tél. : 514 527-3621.

9oct
SAMDI 9 OKTÒB, 5È PM POU 10È PM
Yon sware sinema Ayisyen

Òganis "Bagage du Monde" Marie-Laure Rozas ap prezide a pral prezante « Le Court en créole du Monde », 3èm edisyon plis 3 fim sou reyalite ayisyen an : 1) Capitaines de l'espérance, yon dokimantè Lise Gantheret reyalize, 52', 2010 - Vèsyon non definitif, 2) Anita, 1e fim ayisyen reyisi, reyalizasyon Joseph Yves Médard (Rassoul Labuchin), 3) Les Marrons de l'alphabet, reyalizasyon Dimitri Médard (production Anacaona). Apre pwojeksyon yo ap gen deba ant reyalizatè yo ak moun k ap nan asistans lan. Kontribisyon volontè. Adrès: UQÀM, Pavillon J.-A-Desève, 320, ri Ste Catherine-Est , H2X 1L7.
Tel. : 514 527-3621.



DIMANCHE 10 OCTOBRE, 18H30 - 23H
Spectacle de lancement du CD d'Azaka Z

Azaka Z, de son vrai nom Daniel Rodriguez, vous invite au lancement de son nouveau disque sur le tremblement terre qui a détruit la ville de Port-au-Prince, le 12 janvier dernier. Adresse : 900, rue Ontario Est, Montréal. Entrée 10$ ou gratuite avec l'achat d'un CD à 15$.
Tél. 514 802 0546 / 514 750-8800.

kiki
DIMANCH 10 OKTÒB, 6È30 PM POU 11 PM
Espektak lansman CD Azaka Z

Azaka Z ki se non atis Daniel Rodriguez envite ou nan lansman nouvo plak li reyalize sou tranbleman tè ki sot detwui vil Pòtoprens 12 janvye dènye a. Adrès : 900, ri Ontario Est, Monreyal. Antre 10$ oubyen gratis si w achte yon CD pou 15$.
Tel : 514 802-0546 / 514 750-8800.



JEUDI 14 OCTOBRE, 14H
Conférence sur le vodou haïtien

Le vodou dans l'histoire d'Haïti, une invitation d'Alix Gormail, en partenariat avec le Centre culturel Canado-Haïtien la Perle Retrouv&aecute;e, situé au 7655, 20e avenue (angle Crémazie. Entrée gratuite.
Tél. 514 332-3958.

JEDI 14 OKTÒB, 2È PM
Konferans sou vodou ayisyen

Vodou nan istwa peyi d Ayiti. Se yon envitasyon Alix Gornail an kolaborasyon ak Centre culturel Canado-Haïtien la "Perle Retrouvée" ki chita nan 7655, 20e avni, kwen Crémazie. Entre gratis.
Tel : 514 332-3958.



VENDREDI 15 OCTOBRE, 19H - 22H
Souper créole à l'Alizé

Cathia et Marie Laure vous invitent à partager un repas gastronomique créole : colombo de poulet, court bouillon de poisson, consommé de boeuf, le tout avec les meilleurs accompagnements des Antilles. Ambiance, animation, tirages assurés - Tenue élégante. Entrée 20$. Adresse : 900, rue Ontario Est, Montréal.
Réservation : 514 527-3621.

VANDREDI 15 OKTÒB, 7È POU 10ÈPM
Soupe kreyòl kay Alize

Cathia ak Marie Laure mete ansanm pou envite w nan yon soupe gastronomik kreyòl. Ap gen poul koupe dwèt, bouyon pwason ak konsonmen bèf. Yo tout ap gen bon jan akonpayman zile lakay yo. San konte anbyans, animasyon ak tiraj. Abiye bòzò. Antre 20$: adrès: 900, ri Ontario Est, Monreyal.
Rezèvasyon: 514 527-3621.



SAMEDI 16 OCTOBRE, 19H - 21H30
Chant opéra

Présentation de Maryaj Lenglensou, un opéra filmé et réalisé par le poète et cinéaste Joseph Yves Médard (Rassoul Labuchin). L'auteur sera présent pour échanger avec l'assistance après la projection qui aura lieu au 2000, boul. Saint Joseph-Est, porte B, Montréal, H2H 1E4. Entrée gratuite. Tél. 514 802-0546 / 514 750-8800.

SAMDI 16 OKTÒB, 7È PM POU - 9È30 PM
Chante opera

Prezantasyon Maryaj Lenglensou, yon opera filme, reyalizasyon powèt e sineyas Joseph Yves Médard (Rassoul Labuchin). Otè a ap la pou yon deba ak moun nan asistans lan apre pwojeksyon an ki pral dewoule nan 2000, boulva Saint Joseph-Est, pòt B, Monreyal, H2H 1E4. Antre gratis.
Tel : 514 802-0546 / 514 750-8800.



DIMANCHE 17 OCTOBRE, DE 13H30 À 16H30
Activités culturelles et familiales

À l’occasion de la 204ième commémoration de la mort de Jean-Jacques Dessalines, le Père de la patrie haïtienne, la FONDESSAQ (Fondation de Dessalines au Québec) organise une campagne de levée de fonds au profit des élèves de l’école publique ‘’ Jacques 1er ’’ de la ville de Marchand-Dessalines, la première capitale d’Haïti. Au programme : poèmes, chants, animation culturelle, goûter. Lieu : 2000, boul. Saint-Joseph-Est, porte B (angle De Lorimier), Montréal. Contribution volontaire. Info. : 514 214-8300.

DIMANCH 17 OKTÒB, 1È30 POU 4È30
Aktivite kiltirèl pou lafanmi

Pou komemore 204èm ane lanmò Jean-Jacques Dessalines, Papa nasyon peyi d Ayiti, FONDESSAQ (Fondation de Dessalines au Québec) ap òganize yon rasanbleman pou jwenn tchotcho pou ede elèv lekòl piblik‘’ Jacques 1er ’’ ki nan vil Marchand-Dessalines, premye kapital peyi d Ayiti. Nan pwogram nan ap gen: powèm, chante, animasyon kiltirèl, goute. Sa pral fèt nan: 2000, boulva Saint-Joseph-Est, porte B (kwen De Lorimier), Monreyal. Kontribisyon volontè. Enfò. : 514 214-8300



VENDREDI 22 OCTOBRE, 14H
Conférence sur les fonctions et rôles du poète et du romancier...

L'association des Retraités d'Origine haïtienne du Québec et du Canada (AROHQC) a le plaisir de vous inviter à une conférence qui aura pour thème : La littérature créole et la reconstruction du système éducatif en Haïti : rôles et fonctions du poète et du romancier. Conférencier invité : Emmanuel Eugène, poète. Entrée gratuite mais une modeste cotisation sera exigée pour la bonne bouffe créole. Adresse : 7378, rue Lajeunesse, local 212.
Tél. 450 672 0130

VANDREDI 22 OKTÒB, 2È PM
Konferans sou fonksyon ak wòl powèt ak womansye...

Se ak anpil plezi "Association des Retraités d'Origine haïtienne du Québec et du Canada (AROHQC)" envite w nan yon konferans li pral ap òganize sou tèm : Literati kreyòl la ak rekonstriksyon sistèm edikatif la ann Ayiti : wòl ak fonksyon powèt epi womansye yo. Konferansye envite a se Emmanuel Eugène, powèt. Antre gratis, men w ap bay ton ti tchotcho pou manje a. Sa pral fèt nan 7378, ri Lajeunesse, local 212.
Tel. 450 672-0130.



VENDREDI 22 OCTOBRE, 21H - 3H AM
Spectacle de danse folklorique

La troupe de danse Explosion Folklorique de Manman Vivi vous invite à son spectacle où plusieurs costumes et objets traditionnels seront à l'honneur au restaurant "Le palace", 6754, rue Jarry-Est. Entrée : 15$ à l'avance, 20$ à la porte.
Tél. 450 332-1053.

VENDREDI 22 OKTÒB, 9È POU 3È AM
Espektak dans fòlklorik

Troup dans eksplozyon folklorik Manman Vivi a envite w nan yon espektak kote ap yon latriye bèl rad ak objè tradisyonèl ekspoze nan Restoran "Le palace", ki chita nan 6754, ri Jarry Est. Antre : 15$ davans, 20$ nan pòt.
Tel. : 450 332-1053



SAMEDI 23 OCTOBRE, 12H - 17H
Exposition de peintures haïtiennes

Les Artistes de Réminiscences vous convie à une Exposition sous le thème : Rassemblement pour l'Art Haïtien (RPAH), une rencontre entre les peintres haïtiens d'ici et d'ailleurs. Lieu: Écomusée du fier monde, 2050 Amherst, Montréal. Information : Dr Alix Rey, président,
Tél. 450 669-7444 / alixrey@videotron.ca .

SAMDI 23 OKTÒB, 12È POU 5 È
Espozisyon penti ayisyen

Se ak anpil plezi "Les Artistes de Réminiscences" ap envite nan yon espozisyon penti sou tèm "Rassemblement pour l'Art Haïtien (RPAH)". Se yon rankont ant atispent ayisyen bò isit ak atispent ayisyen lòt kote. Sa ap fèt nan "Écomusée du fier monde", 2050 Amherst, Montré. Infòmasyon : Doktè Alix Rey, prezidan
Tel. 450 669-7444 / alixrey@videotron.ca .



SAMEDI 23 OCTOBRE, 19H - 22H
Conférence sur Jean Price-Mars et le créole

Le conférencier invité est M. Jhon Picard Byron, Enseignant à l'Université d'Ètat d'Haïti (UEH et Membre doctorant du Centre interuniversitaire d'Ètudes sur les Lettres, les Arts et les Traditions (CELAT) de l'Université Laval. Il interviendra sur la question de la langue et plus précisément sur la question du créole dans la pensée de Jean Price-Mars. Adresse : 2000, boul. Saint Joseph-Est, porte B, Montréal, H2H 1E4. Entrée gratuite.
Tél. 514 802-0546 / 514 750-8800.


Jean-Price Mars

Jhon Picard Byron
SAMDI 23 OKTÒB, 7È PM POU 10È PM
Konferans sou Jean Price-Mars ak kreyòl la

Konferansye envite a se M. Jhon Picard Byron, anseyan nan Inivèsite d Eta d Ayiti (UEH). Li se etidyan nivo doktora nan "Centre interuniversitaire d'Ètudes sur les Lettres, les Arts et les Traditions (CELAT)" nan Inivèsite Laval. Li pral gen pou l entèvni sou koze lang, men plis espesifikman sou koze kreyòl la nan panse Jean Price-Mars. Sa pral pase nan 2000, boulva Saint-Joseph-Est, pòt B, Monreyal, H2H 1E4. Antre gratis.
Tel : 514 802-0546 / 514 750-8800.



DIMANCHE 24 OCTOBRE, 12H - 16h30
Exposition de peintures haïtiennes

Les Artistes de Réminiscences vous convie à une Exposition sous le thème : Rassemblement pour l'Art Haïtien (RPAH), une rencontre entre les peintres haïtiens d'ici et d'ailleurs. Lieu: Ècomusée du fier monde, 2050 Amherst, Montréal. Information : Dr Alix Rey, président,
Tél. (450) 669-7444 / alixrey@videotron.ca .

DIMANCHE 24 OKTÒB, 12È PM POU 4È30
Espozisyon penti ayisyen

Se ak anpil plezi "Les Artistes de Réminiscences" ap envite w nan yon espozisyon penti sou tèm "Rassemblement pour l'Art Haïtien (RPAH)". Se yon rankont ant atispent ayisyen bò isit ak atispent ayisyen lòt kote. Sa ap fèt nan "Écomusée du fier monde", 2050 Amherst, Montréal. Infòmasyon : Doktè Alix Rey, prezidan.
Tel. 450 669-7444 / alixrey@videotron.ca .



VENDREDI 29 OCTOBRE, 19H - 22H
LANCEMENT DE LIVRE

M. Kesler Bien-Aimé n'a pas pu régler à temps les formalités en matière d'immigration. Le lancement de son livre "Les Morceaux de l'Empereur Jean Jacques 1er" est remplacé par une conférence sur la Reconstruction de la ville de Port-au-prince qui sera présentée par M. Doumafils Lafontant.

VANDREDI 29 OKTÒB, 7È PM POU 10È PM
Lansman liv

M. Kesler Bien-Aimé pa gen tan regle tout fòmalite imigrasyon yo. Lansman liv "Les Morceaux de l'Empereur Jean Jacques 1er" a p ap fèt ankò. Nan plas li ap gen yon konferans sou Rekonstriksyon Vil Pòtoprens. Se M. Doumafils Lafontant ki pral prezante l.



SAMEDI 30 OCTOBRE, 6H30 – 1H AM
GALA 25E ANNIVERSAIRE
Le Centre Communautaire Coumbite de Laval vous invite à son gala 25e anniversaire au Palace de Laval, 1717, boul. Le Corbusier. Au menu : poisson ou poulet. Animation culturelle par des artistes de renom: chants, danses, musique DJ. Entrée 60$, réservation obligatoire. Pour plus d’informations, appelez au 450 662‐9771.


SAMDI 30 OKTÒB, 6È30 – 1È AM
GALA 25ÈM ANIVÈSÈ
Centre Communautaire Coumbite de Laval envite w nan gala 25èm anivèsè li ki pral dewoule nan Palace de Laval, ki chita nan 1717, boulva Le Corbusier. Nan meni an, w ap gen chwa pwason oubyen poul. Animasyon kiltirèl ak atis koni: chante, dans, mizik DJ. Antre 60$, rezèvasyon obligatwa. Pou plis enfòmasyon, telefone nan 450 662‐9771.


VENDREDI 29 ET SAMEDI 30 OCTOBRE
Soupers créoles et exposition d'oeuvres d'art

L'artiste sculpteur, fondeur, peintre et designer Anioclès Grégoire, auteur du monument de Toussaint-Louverture installé dans l'allée ouest du parc de l'Amérique-Latine, à la ville de Québec, a le plaisir de vous inviter à souper en sa compagnie au Bistro Plaisirs du grill, 57, rue Churchill, angle Victoria, Greenfield-Park. Informations et détails : 450 550-4499 ou www.plaisirsdugrill.com . .


VANDREDI 29 AK SAMDI 30 OKTÒB
Soupe kreyòl ak espozisyon zèv da

Atis eskiltè, fondè, pent epi dizaynè Anioclès Grégoire, otè estati Tousen Louvèti ki enstale nan Pak Amerik Latin nan vil Québec la, kontan envite w vin soupe ak li nan Bistro Plaisirs du Grill, ki chita nan 57, ri Churchill, kwen Victoria, Grennfield-Park. Pou enfòmasyon detaye : 450-550-4499 oubyen www.plaisirsdugrill.com .



SAMEDI 30 OCTOBRE, 19H30
Soirée festive Halloween créole

Deuxième édition de la soirée festive Halloween créole en partenariat avec le Bistro Tribu Terre, le KEPKAA et l'Association Humanart, section Afro Kadans (cours de danse kadans afro karayib et mise en forme kadans en forme). Au programme : spectacle, souper créole, vin ou bière, punch tropical et danse jusqu'à 2 heures du matin. Maquillez-vous et déguisez-vous. Entrée 25$. Lieu : Bistrot Tributerre, 2590, rue Jarry Est, angle 2ième Ave, Montréal, H2S 2H4.
Tél : 514 276-3999.


SAMDI 30 OKTÒB, 7È PM
Sware pou fete alowin kreyòl

Dezyèm edisyon sware pou fete alowin kreyòl nan tèt kole ak Bistro Tribu Terre, KEPKAA ak Asosyasyon Humanart, section Afro Kadans (kou dans kadans afro karayib ak mizanfòm kadans anfòm). Nan pwogram nan, ap gen : espektak, soupe kreyòl, vin ou byè, ponch tropical, dans jiska 2è nan maten. Makiye w, degize w, mete w bòzò. Sa pral fèt nan: 2590, ri Est, Montreal, kwen 2èm Avni, Mtl, H2S 2H4.
Tel. 514 276-3999.



DIMANCHE 31 OCTOBRE, DE 18H À 20H
Le Concert aux couleurs des Seychelles est reporté au mois de décembre 2010. L'invitée spéciale, la chanteuse Jahna Ranks, a été retardée par les formalités en matière d'immigration. Elle est vraiement désolée, elle vous prie d'accepter ses excuses. Pour de plus amples informations, veuillez communiquer avec Myza au 438 881-5097
http://iculturentertainment.wordpress.com

DIMANCH 31 OKTÒB, 6È PM POU 8È PM
Konsè ak koulè Seychelles yo ranvoye pou mwa desanm 2010. Envite espesyal la ki se chantèz Jahna Ranks rankontre kèk reta ak fòmalite imigrasyon yo. Sa fè Manmzèl anpil lapenn. Li di nou, tanpri eskize l. Pou plis enfòmasyon, nou ka telefone Myza nan : 438 881-5097
http://iculturentertainment.wordpress.com/