Kepkaa

Tout voum pa do ; tout pawoli pa pwezi

Mwen kab di ou, mwen grandi sou Bèlè (Le Bel- Air). Mwen fè youn pati nan klas primè mwen nan Seminè epi youn pati nan Ecole Mixte Du Sacré Coeur. Mwen fè youn pati nan klas segondè mwen nan Centre D ’ études Secondaires, lekòl ki te sou direksyon Dr Pradel Pompilus, pwofesè Jean Claude epi Pierre Riché epi youn lòt pati nan Collège Les Humanités sou direksyon Frank Etienne. Rive nan peyi Etazini mwen te ale nan Essex County College, kote mwen te gen youn premye diplòm nan domèn lasyans. Apresa mwen te ale nan Jersey City State College, kote mwen te gen youn bakaloreya nan byoloji. Pi devan mwen te rantre Kanada, kote mwen te ale nan Université Du Quebec à Montréal, epi Université d’Ottawa, pou mwen te etidye nan domèn edikasyon jouk mwen mare youn metriz nan edikasyon.